Fermer la Pub..

SOLÈY LA FÈ KÒVE: Un texte qui touche les cœurs 

Par HCI - Mis à jour le 2020-08-15 à 04:51

Publié le 2020-08-15 à 04:51

Cover du texte SOLÈY LA FÈ KÒVE.

La poésie est un genre littéraire qui privilégie l'expressivité de la forme, les mots disant plus qu'eux-mêmes par leur choix (sens et sonorités) et leur agencement. C'est donc par ce moyen que l'artiste Michelot le Cupidon fait ressortir ses sentiments à travers un texte intitulé : SOLÈY LA FÈ KÒVE.

Fermer la Pub..

Accompagné d'une belle voix féminine (Pandore), dans ce texte, le jeune artiste touche le cœur de plus d'un à travers ces vers très bien rythmés et bien rimés. En regardant la vidéo on pourrait verser des larmes de par la façon dont Michelot le Cupidon décrit l'amour.

Il est important de valoriser nos jeunes artistes, car ils sont bourrés de talent. Ce serait un atout majeur pour la culture haïtienne.

Nous publions à votre délectation le texte de Michelot le Cupidon.

 SOLÈY LA FÈ KÒVE

Ref: Ou fè m vwayaje sou pi bèl mo w yo
Chak fwa m' ap tande w, pilsyon mwen awoyo
Mwen se yon sous enèji k renouvle
Chak fwa van pwezi w soufle
Yon mèvèy san presedan
Ki la toutan
K ap fè solèy la fè kòve (2X)

M pran vijinite lanati pou m ka jwenn san pou m ekri sou non w
Linivè te nan manti, lè l te di larèn solèy te redui sou don w
Lorizon kite m wè anba jipon l, paske m mache sou bon pye
Ou donte raj loraj sou pasaj, ou pile krache Bondye
Paske bonte w s on omaj pou chak grenn zetwal, sous kontanplasyon menm moun avèg
Avèk limyè w pote nan ou, devan w solèy s on restavèk
Ou ret avèk tout dlo w menm lè l a sèk, se sa k fè w se sèl sous ki pete nan vi m
Nan vizyon m, ou se tout sa paradi manke, souri w kont pou abiye anvi m
Anviwon tout zetwal yo kache anndan w, etensèl yo parèt nan je w
Ou pèmèt lanmou vwayaje nan van w, bote w se pi gwo danje w
Cheri m, se pa "Photoshop" ki klere w, ou s on nivo teknoloji pa ka atenn
Ou s on flanm ki fè nèj, okenn ponpye pa ka etenn
Ou detenn sou pwezi a, pwezi a limen, pwezi a malouk, se ou menm ki dòz la
Koz, la kreyasyon pa t kite ni zepin, ni sikatris, pou w te ka vin woz la, klip klap pi bèl pòz la, ou fè bòz la, ou met OLA !
Ou te la, ou s on dlo k potko koule, ou se fisèl ki relye kè m ak syèl
Ou fidèl! Ou se valè "absolu" lanmou, ou se dousè, krache w se enmi fyèl
Ou s on mèvèy, avè w Bondye bat pwòp rekò l
Imòtèl, ou s on melanj de chak fèy bwa, lanati te kite w twò pre kò l
Pi bèl gòl, ou s on "panenka" Bondye bay Satan
M aprann! Ou s on boul sik dlo pa ka fonn, yon Bib ki poko li, yon priyè san pawòl, yon sekou k vin a tan
Bèl nanm! Ou se rido nan papòt linivè, ki fè l ka bay payèt
Ou s on blòk glas nan fon lanfè, ou kase senti lakansyèl, ou met lalin san pantalèt
Ou s on "flamme jumelle", yon sèl, yon bèl, lizyè syèl, anndan w ou pot plizyè
Sèl ou menm se prèv kòve solèy, dayè l pran priz sou ou, ou s on somèy je klè, ou se limyè

Ref: Ou fè m vwayaje sou pi bèl mo w yo
Chak fwa m' ap tande w, pilsyon mwen awoyo
Mwen se yon sous enèji k renouvle
Chak fwa van pwezi w soufle
Yon mèvèy san presedan
Ki la toutan
K ap fè solèy la fè kòve (2X)


©Michelot Le Cupidon feat Pandore©


Blanc Jonas-Winter 

HCI - A La Une

Videos

Lorem Ipsum is simply dummy text of the printing and typesetting indus..

Ky-Mani Marley, One Time..

printing and typesetting industry. Lorem Ipsum has been the industry's..

Fermer la Pub..