Fermer la Pub..
Lettre ouverte de l’Alliance Démocratique Nationale au PM Ariel Henry
Par - Mis à jour le 2022-10-09 à 18:18
Publié le 2022-10-09 à 18:18
Alyans Demokratik Nasyonal
Lèt tou louvri pou Premye minis Ariel HENRY
Fermer la Pub..
Lizay pou ou mesye Premye minis Ariel HENRY, nou pap mande w kouman ou ye paske sitiyasyon n’ap viv la mete sou ti pale ak nasyon an, ou te bay jou kite mèkredi 5 oktòb 2022 nan aswè a fè nou santi anyen pap mache nan peyi a pi plis ke jan tout moun te ka konstate l.
Mesye le Premye minis, se avèk anpil tristès nou mete tèt ansanm, pou nou ekri’w lèt sila, nan lide pou nou kapab touche kèlke pwen nou kwè ki enpòtan pou sosyete ayisyèn lan, pou pèp nou an an jeneral, e an patikilye pou nou menm malere, pitit sòyèt yo, ki viktim de tout bagay, menm sa’w pa ta imajine.
-Peyi a fèmen,
-lekòl pa ka louvri,
-ensekirite ak « kidnapping » ap paweze,
-madan sara yo ki se poumon ekonomi peyi a pa ka sikile,
-pwodwi peyizan ki deja pa ase pou ban nou lamanjay rete ap gaspiye.
-moun pa ka sikile, si se pa gras ak chofè taksi moto yo, yon sektè okenn moun pa ka neglije, popilasyon an pa tap ka deplase paske tank tout machinn vid.
Mesye le Premye minis, ou mande pou pèp la louvri je l, je ekip dirijan konsyan/Konsekan ki nan alyans demokratic National (ADN) la yo louvri e se pou sa nou vle responsabilize w. Ou komèt anpil erè nan gouvènans ou an, banm ba w kelke egzanp: ou pat fè odit lè w te pran pouvwa ou vinn eritye tout zak gaspiyaj ak koripsyon pouvwa pase a.
Premye minis, Ou kite ensekirite a vale teren, konsekans lekòl paka louvri, tout wout nan peyi a kontwole pa bandi ak gwo zam, ou pa gen kontwòl gaz la, tout enstitisyon yo ajenou, plis pase 2 mwa pa genyen gaz nan ponp yo jan sa dwe ye. Ou ki te anplwaye leta yo fin ti granmoun, ou pa voye yo nan retrèt pou lòt jenerasyon an ka ranplase yo, bwat leta yo ranpli ak enkapab, ki ap banbile jan yo vle, pèp la pa ka jwenn sèvis.
Ou kite fontyè a lib, peyi a vle tounen yon pak, ou kite yon gwoup nan sektè prive a ap manipile dola a, ou vin parèt tankou yon granmoun dezòd, yon konplis, avan, se pat sa ou te moutre kòm vizaj.
Coalition des rassembleurs pour une Haïti meilleure.
Mesye Premye minis, lè w se chèf gouvènman nan yon peyi tankou Ayiti ou dwe mete gason nan gason w, ou dwe mete pantalon nan tay ou, pou’w kapab batay ak politisyen tradisyonèl yo ki pa dakò peyi a gen lapè. Ou bezwen benediksyon pèp la pou ede’w nan lit sa a, paske ou menm sèl pap ka rezoud pwoblèm ki la. Pèp la se pi gwo alye ou bezwen, ou te genyen’l, ou pèdi’l. Siw konte rete sou pouvwa se pouw chache sipò pèp la ak lari a, atake systèm nan ki vle fè’w pase pou enmi pèp la, ou konnen yo, nou konnen yo.
Premye minis Ariel Henry, nou konnen taktik manipilatè politisyen tradisyonèl yo makònen ak yon pati nan sektè ekonomik lan pou fè w pase menm jan ak Prezidan Jovenel, nou konnen jan yo opere. Depi plis pase 30 lane, se menm moun sa yo ki toujou anfas tout gouvènman e drese pèp la kont Leta pandan yo toujou nan pouvwa a (kreyòl pale, kreyòl konprann) ou rive nan yon kalfou kote ou dwe pran responsabilite’w pou sekirite tabli nan tout peyi a, pou lekòl louvri, pou gaz la rive nan ponp yo ak yon pri ki akseptab, ou bezwen pran responsabilite’w pou pèp la jwenn lajan transfè li yo an dola vèt kou pwawo.
Pou mwen fini, Premye minis, sonje ou genyen yon misyon e se misyon sa a, ki fè mwen adrese’w lèt sila nan tit premye minis. Aprè dènye adrès ou fè ak nasyon an anpil moun kwè peyi a pap dirije, li pap gouvène. Politisyen tradisyonèl isit melanje ak yon pati nan sektè prive a pap dakò anyen ki bon pou pèp la rive reyalize, se enterè ekonomik yo ak byennèt fanmi yo, pitit yo, madanm yo ki enpòtan pou yo. Paske se nan maltrete pèp la yo fè milyon yo. Pou sa ou bezwen mete gason nan gason w. Ou geyen yon popilasyon kap soufri ki bezwen peyi a tounen nan nòmal li ak twa (3) pouvwa yo, pèp la ap tann rezilta, pèp la ap tann sèvis, pèp la ap tann travay ak lamanjay, PM Ariel, san sa yo pèp la pap fè w kado.
Wiliam Evens JOSMA
Pot pawòl ADN
Alyans Demokratik Nasyonal Sitwayen angaje
(+509) 4124 9317
HCI - A La Une
Fermer la Pub..